Èd pou Etid
10. Machpye Tanp lan


10. Machpye Tanp lan

Imaj
foto 10

Zòn tanp lan te divize fè plizyè lakou, epi lakou deyò yo te kanpe sou teren ki pi ba yo. Adoratè yo te antre nan diferan pòt, ansanm avèk pòt ki mennen anwo yo sou machpye ki soti nan lakou deyò yo epi apre nan lakou andedan yo. Anpil milye moun te monte machpye sa yo pandan lontan, Pitit Gason Bondye a tou. Lè lame Tit la te detwi tanp lan an 70 apre Jezikri, machpye yo te kouvri avèk debri. Kèk akeyològ te dekouvri yo nan ane 1970 yo pandan debleyaj yon pati nan ansyen vil Jerizalèm nan.

Evènman Siyifikatif yo: Ezekyèl te wè gwosè ak fòm tanp ki ta pral bati a nan yon vizyon (Ezek. 40). (Gade nan GE Tanp, kay Senyè a.)

Enprime