Èd pou Etid
20. Jopa


20. Jopa

Imaj
foto 20

Direksyon nòdwès lòtbò pòt antre vil Jopa a.

Evènman Siyifikatif yo: Jonas te ale nan Jopa pou l pran bato pou ale Tasis (Jonas 1:1–3). Jopa sete pò maritim Salomon te itilize nan yon premye tan, epi Zowobabèl te itilize l nan apre, lè yo t ap pote planch soti nan forè bwasèd Liban yo pou bati tanp yo a (2 Kwo. 2:16; Esd. 3:7). Se nan kote sa a Pyè te leve Tabita, ke yo te rekonèt sou non Dòkas tou, anba lanmò (Tra. 9:36–43). Pyè te fè vizyon bèt pwòp ak bèt sal yo tou, ki te revele l nesesite pou l kòmanse ministè a nan pami Janti yo (Tra. 10). Orson Hyde te rive nan kote sa a pou dedye Tè Sen an an 1841.

Enprime