Èd pou Etid
9. Tanp Ewòd la


9. Tanp Ewòd la

Imaj
foto 9

Foto sa a montre yon modèl tanp Ewòd la (sou yon echèl 1:50) jan yo te panse l te ye an 67 apre Jezikri. Andedan miray ki antoure tanp lan, gen sanktyè ki gen Sen Dèsen an, plas sen an, ak twa gran lakou.

Evènman Siyifikatif yo: Jozèf ak Mari te prezante Jezi nan tanp lan lè L te tibebe (Lik 2:22–38). Sovè a te anseye nan tanp lan lè L te gen laj douzan (Lik 2:41–46). Sovè a te chase moun ki t ap chanje lajan yo soti nan tanp lan (Mat. 21:12–13). Sovè a te pwofetize destriksyon tanp lan (Mat. 24:1–2). Nan lefiti, yon tanp pral bati nan Jerizalèm (Ezek. 40–48; Zak. 8:7–9). (Gade nan GE Tanp, kay Senyè a.)

Enprime