Èd pou Etid
17. Sichèm


17. Sichèm

Imaj
foto 17

Ansyen sit Sichèm nan. Nan premye plan an, nou gen Mòn Garizim, epi dèyè li, gen Mòn Ebal. Sichèm sitiye ant de montay sa yo.

Evènman Siyifikatif yo: Abraram te plante tant li nan Sichèm (Jen. 12:6–7). Jakòb te plante tant li isi a epi l te achte yon moso tè (Jen. 33:18–20). Mòn Garizim te yon mòn benediksyon, alòske Mòn Ebal te mòn malediksyon an (Det. 27–28). Se sou Mòn Ebal la Jozye te leve yon moniman ki gen lalwa Moyiz la epi apre sa li te li lwa a bay Izrayelit yo (Joz. 8:30–35). Zo kò Jozèf yo antere nan Sichèm (Joz. 24:32).

Enprime