Èd pou Etid
11. Mòn Olivye a


11. Mòn Olivye a

Imaj
foto 11

Vi sa a etann sou lès Mòn Olivye a. Batiman ki devan nan imaj la make yon anplasman posib pou Jaden Jetsemane an. Nan dat 24 oktòb 1841, Èldè Orson Hyde nan Kolèj Douz Apot yo te monte sou Mòn Olivye a epi l te ofri yon priyè konsekrasyon pwofetik pou retou pitit Abraram yo ak konstriksyon tanp lan.

Evènman Siyifikatif yo: Wòm te detwi Jerizalèm an 70 apre Jezikri jan Sovè a te predi sou Mòn Olivye a (gade nan M—JS 1:23). Sovè a pral kanpe sou Mòn Olivye a ankò anvan Aparisyon Li devan tout mond lan. (Gade nan Zak. 14:3–5; D&A 45:48–53; 133:19–20; GE Mòn Olivye a.)

Enprime