Èd pou Etid
8. Jerizalèm


8. Jerizalèm

Imaj
foto 8

Sou direksyon nò anlè Jerizalèm. Nan mitan foto a nou wè yon moniman Mizilman ki kouvri avèk yon tèt won annò, ki rele Dom Wòch la. Nan ansyen tan an, Juif yo te adore nan tanp ki te nan kote sa a. Miray yo ki tou pre Dom Wòch la antoure ansyen vil Jerizalèm nan. Vale Kidwon an chita sou bò dwat mi an. Mòn Olivye a pi lwen sou bò dwat la, men li pa nan imaj la. Nan nò, lòtbò Dom Wòch la, se anplasman posib Gòlgota, oubyen Kalvè a.

Evènman Siyifikatif yo: Nan tan lontan, Jerizalèm te rele Salèm (Sòm 76:2). Abraram te peye Mèlkisedèk dim (Jen. 14:18–20). Abraram te vini pou sakrifye Izarak (Jen. 22:2–14). Wa David te kaptire Jerizalèm anba men Jebizyen yo (2 Sam. 5:4–9). Wa Salomon te bati yon tanp (1 Wa 6–7). Leyi te pati pou l ale nan yon tè pwomiz (1 Ne. 1:4; 2). Sovè a te preche, Li te sakrifye tèt Li pou ekspye peche nou yo, epi L te resisite (Mat. 21–28). Jan Sovè a te pwofetize a, Jerizalèm te detwi yon ti tan apre lanmò Li (M—JS 1:3–20). Jerizalèm pral anvayi nan dènye jou yo (Ezek. 38–39; Jowèl 2–3; Apok. 11; 16). Sovè a pral parèt nan kote sa a kòm pati Dezyèm Vini Li a (Zak. 12–14; D&A 45:48–53). (Gade nan GE Jerizalèm; Salèm.)

Enprime