Èd pou Etid
23. Lanmè Galile a ak Mòn Beyatitid yo


23. Lanmè Galile a ak Mòn Beyatitid yo

Imaj
foto 23

Vi ki etann sou direksyon sidwès apati kwen nòdwès Lanmè Galile a, ki se yon lak dlo dous. Kolin nan mitan an se sit tradisyonèl Mòn Beyatitid yo. Kapènawòm sou bò goch la, deyò foto a. Tiberyas pi lwen nan sid bò rivaj lwès la.

Evènman Siyifikatif yo: Sovè a te pase majorite nan ministè mòtèl Li nan rejyon sa a. Se nan kote sa a Li te aple epi Li te òdone Douz Apot yo (Mat. 4:18–22; 10:1–4; Mak 1:16–20; 2:13–14; 3:7, 13–19; Lik 5:1–11), Li te anseye Diskou sou Mòn nan (Mat. 5–7), epi Li te anseye an parabòl (Mat. 13:1–52; Mak 4:1–34). Pami mirak Li te fè yo nou jwenn sa yo: Li te geri yon lepre (Mat. 8:1–4); Li te kalme move tan an (Mat. 8:23–27); Li te chase yon lejyon dyab soti sou yon jèn gason, apre sa yo te antre sou kochon yo ki te kouri al nan lanmè a (Mak 5:1–15); Li te nouri 5.000 ak 4.000 yo (Mat. 14:14–21; 15:32–38); Li te kòmande disip Li yo pou yo voye filè yo, konsa yo te pran anpil pwason (Lik 5:1–6); Li te geri anpil moun (Mat. 15:29–31; Mak 3:7–12); epi Li te parèt apre rezirèksyon L lan pou L te anseye disip Li yo (Mak 14:27–28; 16:7; Jan 21:1–23). (Gade nan GE Galile.)

Enprime