Èd pou Etid
24. Kapènawòm


24. Kapènawòm

Imaj
foto 24

Kapènawòm, ki sitiye sou rivaj nò Lanmè Galile a, sete katye jeneral ministè galileyen Jezi a (Mat. 9:1–2; Mak 2:1–5). Yon katye jeneral lapèch ak komès enpòtan ki te gen anpil siksè, sete abitasyon Janti yo ansanm avèk Juif yo. Popilasyon pandan premye syèk la pwobableman pa t janm depase 1.000 moun. Kapènawòm te sitiye sou kafou wout komèsyal enpòtan yo, avèk tè fètil ki te antoure li. Sòlda women yo te konstwi batiman douch ak depo nan kote sa a. Malgre anpil mirak ki te fèt nan kote sa a, jeneralman pèp la te rejte ministè Sovè a. Se poutèt sa Jezi te modi vil la (Mat. 11:20, 23–24). Apre kèk tan, Kapènawòm te tonbe an dekadans epi l rete san moun.

Evènman Siyifikatif yo: Yo te rekonèt Kapènawòm kòm vil “Sovè a menm” (Mat. 9:1–2; Mak 2:1–5). Li te fè anpil mirak nan plas sa a. Pa egzanp, Li te geri anpil moun (Mak 1:32–34), enkli sèvitè santiryon an (Lik 7:1–10), bèlmè Pyè (Mak 1:21, 29–31), nonm paralize a yo te fè kabann li desann atravè plafon an (Mak 2:1–12), ak nonm ki te gen men sèch la (Mat. 12:9–13). Jezi te chase anpil move lespri nan kote sa a tou (Mak 1:21–28, 32–34), Li te leve pitit fi Jayiris la anba lanmò (Mat. 9:18–19, 23–26; Mak 5:22–24, 35–43), epi Li te fè diskou pen lavi a nan sinagòg Kapènawòm nan (Jan 6:24–59). Sovè a te mande Pyè pou l peche yon pwason nan Lanmè Galile a, pou louvri bouch li, epi pou l jwenn yon pyès lajan pou peye taks (Mat. 17:24–27).

Enprime