Èd pou Etid
6. Peyi Kolin Jideya


6. Peyi Kolin Jideya

Imaj
foto 6

Peyi kolin Jide a gen anviwon 56 kilomèt nan longè ak 27 kilomèt nan lajè. Majorite tè a plen wòch epi l difisil pou kiltive. Gen kèk vale ki sitiye ant kolin yo kote tè a pi pwodiktif la. Ansyen Izrayelit yo te abite nan kolin sa yo, epi yo te itilize yo kòm pwoteksyon kont anvayisè.

Evènman Siyifikatif yo: Senyè a te pwomèt Abraram ak desandan l yo tè sa a (Jen. 13:14–18; 17:8). Sara ak Abraram te antere nan kavo Makpela a nan Ebwon (Jen. 23:19; 25:9). David te kaptire Jerizalèm nan men Jebizyen yo (2 Sam. 5:4–9). Plis nan evènman Ansyen Testaman yo, daprè anrejistreman, nan kolin sa yo pase nan nenpòt lòt rejyon.

Enprime