Èd pou Etid
2. Mòn Sinayi (Orèb) ak Dezè Sinayi a


2. Mòn Sinayi (Orèb) ak Dezè Sinayi a

Imaj
foto 2

Gen plizyè sit posib pou Mòn Sinayi a. Youn nan kote tradisyonèl yo se Jebèl Mousa. (Mòn Moyiz la), nou wè la a.

Evènman Siyifikatif yo: Bondye te parèt devan Moyiz epi L te ba li dis kòmandman yo (Egz. 19–20). Moyiz, Aawon, de nan pitit gason Aawon yo, ak 70 ansyen te wè Bondye epi yo te kominike avèk Li (Egz. 24:9–12). Bondye te bay Moyiz enstriksyon pou l bati tabènak la (Egz. 25–28; 30–31). Izrayelit yo te adore yon ti bèf anlò yo te pèsyade Aawon fè (Egz. 32:1–8). Eli te kouri kite vale Jizreyèl la kote Rèn Jezabèl te rete a (1 Wa 19:1–18). Se nan kote sa a Eli te pale avèk Bondye tou (1 Wa 19:8–19). (Gade nan GE Sinayi, Mòn.)

Enprime