Èd pou Etid
30. Korent


30. Korent

Imaj
foto 30

Korent sete vil prensipal pwovens Women Akayi a. Li te sitiye sou pwent tè ki konekte Peloponesus avèk prinsipal tè Grès la, posesyon ki gen plaj nan kote lès tankou nan kote lwès la. Se te yon vil sou pò a ki te gen richès ak enfliyans.

Evènman Siyifikatif yo: Pòl te abite nan Korent pandan ennan edmi epi l te tabli Legliz la nan kote sa a (Tra. 18:1–18). Pòl te ekri plizyè lèt bay manm Legliz yo nan zòn Korent la, de nan lèt sa yo nan Nouvo Testaman an kounyeya (1 ak 2 Korentyen). Epit pou Women yo sanble l te ekri nan Korent.

Enprime