Èd pou Etid
1. Rivyè Nil la ak Ejip


1. Rivyè Nil la ak Ejip

Imaj
foto 1

Vejetasyon ki grandi sou tout rivaj rivyè Nil la. Nan yon kote konsa, manman Moyiz te kache pitit gason l lan ki te tibebe a. Pi lwen, nou wè zòn dezè yo ki kouvri pi fò nan Ejip la.

Evènman Siyifikatif yo: Se Ejiptis ki te dekouvri peyi a (Abr. 1:23–25). Abraram t ale an Ejip (Jen. 12:10–20; Abr. 2:21–25). Yo te vann Jozèf an Ejip, li te vin tounen yon dirijan, epi l te sove fanmi l anba famin (Jen. 37; 39–46). Desandan Jakòb yo te viv an Ejip (Jen. 47; Egz. 1; 12:40). Pitit fi Farawon an te jwenn tibebe ki rele Moyiz la nan rivyè a epi li te elve l (Egz. 2:1–10). Moyiz te dirije Izrayelit yo soti an Ejip (Egz. 3–14). Mari, Jozèf, ak Jezi te ale an Ejip pou yon ti tan pou yo chape anba men Ewòd (Mat. 2:13–15, 19–21). Nan dènye jou yo, Ejipsyen yo pral konnen Senyè a, epi Senyè a pral beni Ejip (Eza. 19:20–25). (Gade nan GE Ejip.)

Enprime