Èd pou Etid
26. Sezare Filipi


26. Sezare Filipi

Imaj
foto 26

Sezare Filipi sitiye nan pye Mòn Èmon an. Kouran sa a se youn nan tèt dlo Rivyè Jouden yo. Ewòd Filip, ki te dirije zòn sa a, te bati yon vil nan kote sa a pou onore Seza (anperè li a) ak tèt pa l; anvan sa, vil la te rele Panyas epi jodi a li rele Banyas epitou Sezare Filipi.

Evènman Siyifikatif yo: Sovè a te rankontre avèk disip Li yo nan Sezare Filipi. Se nan kote sa a Pyè te deklare ke Sovè a se “Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an.” Apre sa, Sovè a te pwomèt Pyè “kle wayòm syèl la yo” (Mat. 16:13–20).

Enprime