Èd pou Etid
28. Dan


28. Dan

Imaj
foto 28

Ansyen vil Dan nan te rele Leshèm (Joz. 19:47) oubyen Layis (Jij 18:7, 14) anvan Izrayelit yo te kaptire tè a. Kouran dlo yo ki nan kote sa a ansanm avèk kouran dlo nan Sezare Filipi yo se sous prensipal Rivyè Jouden an. Se sit Tanp Jewobowam nan yo montre la a.

Evènman Siyifikatif yo: Abraram te pote Lòt sekou (Jen. 14:13–16). Tribi Dan nan te kaptire zòn nan epi yo te rele l Dan (Joz. 19:47–48). Jewobowam te tabli yon fo tanp avèk yon ti bèf annò ki te kontribye nan dekadans 10 tribi nan nò yo (1 Wa 12:26–33). Dan sete vil ki te pi fon nan pati nò peyi Izrayèl la, konsa, ekriti yo te pran tè peyi Izrayèl la kòm referans “soti nan Beyècheba jouk nan Dan” (2 Kwo. 30:5; Beyècheba sete vil ki te plis nan nò a). (Gade nan GE Dan.)

Enprime