Èd pou Etid
31. Efèz


31. Efèz

Imaj
foto 31

Debri teyat Grèk Efèz yo, kote Apot Pòl te preche a. Pandan epòk Nouvo Testaman an, Efèz te gen gran renome nan mitan mond popilè a akoz tanp mayifik li yo ki te bati pou onore deyès paganis Women an, Dyana. An debri kounyeya, yon fwa, Efèz te kapital pwovens Women Azi a epi l te yon gwo katye general pou komès. Endistri ajantri vil la te devlope yon kòmès rantab nan vann imaj Dyana.

Evènman Siyifikatif yo: Apot Pòl te vizite Efèz prèske nan finisman dezyèm vwayaj misyonè li a (Tra. 18:18–19). Nan twazyèm vwayaj li a li te rete nan vil la pandan dezan. Yo te fòse l soti akoz soulèvman Endistri ajantri a ki t ap pèdi lavant paske Pòl t ap preche kont adorasyon fo deyès Dyana a (Tra. 19:1, 10, 23–41; 20:1). Teyat Efèz la se te pi gwo teyat Grèk yo te bati epi se te kote konpayon Pòl yo te fè fas kare devan yon popilas an kolè (Tra. 19:29–31). Pòl te ekri manm Legliz Efèz yo yon epit pandan kaptivite l nan Wòm. Youn nan sèt branch yo nan Azi ki mansyone nan liv Apokalips la te tabli nan Efèz (Apok. 1:10–11; 2:1).

Enprime