Èd pou Etid
19. Sezare ak Laplèn Charon pou ale nan Kamèl


19. Sezare ak Laplèn Charon pou ale nan Kamèl

Imaj
foto 19

Vi ki etann nan direksyon nò sou lòtbò ansyen pò Sezare ak Laplèn Charon an. An menm tan an, anlè foto a, nou wè chèn mòn Kamèl yo.

Evènman Siyifikatif yo: Eli te konfwonte fo pwofèt Baal yo sou Mòn Kamèl la (1 Wa 18). Via Maris la (Chemen Lanmè a), yon wout enpòtan nan tan lontan, te sitiyie sou bò lès Sezare. Apre yon vizyon remakab pandan l te nan Jopa, Pyè te kòmanse ministè a nan pami Janti yo, pou kòmanse avèk yon santiryon Women ki te rele Kònèy nan Sezare (Tra. 10). Filip te preche epi l te abite nan kote sa a epi l te gen kat pitit fi ki te pwofetize (Tra. 8:40; 21:8–9). Pòl te yon prizonye nan vil la pandan dezan (Tra. 23–26). Li te preche Feliks, Fetis, ak Ewòd Agripa II ki te di, “Ou prèske pèsyade m pou m vin tounen yon Kretyen” (Tra. 26:28).

Enprime