Èd pou Etid
21. Vale Jizreyèl


21. Vale Jizreyèl

Imaj
foto 21

Vi ki etann nan direksyon sidwès sou tèt Mòn Tabò a nan direksyon yon pati nan vale Jizreyèl la, ki rekonèt sou non Plèn Esdrayelon tou. Malgre moun te souvan panse ke Vale Jizreyèl la se yon gwo vale, an reyalite se yon seri vale ki konekte Laplèn Ako a avèk Vale Jouden an ak rejyon Lanmè Galile a. Paregzanp, Vale Megido a nan pòsyon lwès vale sa a. Vale Jizreyèl la sete wout prensipal ki travèse Tè Sen an ant Lanmè Mèditerane sou bò lwès ak Vale Jouden an nan lès.

Evènman Siyifikatif yo: Granri prensipal ki konekte Ejip ak Mezopotami an travèse vale sa a, epi anpil batay te fèt nan kote sa a (Jij 1:22–27; 5:19; 2 Wa 23:29–30). Dènye gwo mezantant nan tè sa a kòmanse avèk batay Amagedon an, ki pral fèt yon ti tan anvan Dezyèm Vini Sovè a; li pran non li nan Har Megidon, oubyen Mòn Megido (Ezek. 38; Jowèl 3:9–14; Zak. 14:2–5; Apok. 16:14–16).

Enprime