Èd pou Etid
27. Nazarèt


27. Nazarèt

Imaj
foto 27

Foto vil modèn Nazarèt sa a te fèt sou direksyon sid. Nan epòk biblik la, Nazarèt te yon ti vilaj.

Evènman Siyifikatif yo: Nefi te wè manman Sovè a nan Nazarèt nan vizyon (1 Ne. 11:13–22). Zanj Gabriyèl te di Mari li t ap ansent Sovè a (Lik 1:26–35). Gabriyèl te di Jozèf pou l marye avèk Mari epi pou l rele pitit gason Mari a Jezi (Mat. 1:18–25). Jezi te grandi nan Nazarèt (Mat. 2:19–23; Lik 2:4–40; 4:16). Li te preche epi Li te anonse nan sinagòg la ke Li se Mesi a (Lik 4:16–21), men pèp Nazarèt la te rejte Li (Mat. 13:54–58; Lik 4:22–30). (Gade nan GE Nazarèt.)

Enprime