Èd pou Etid
15. Jeriko


15. Jeriko

Imaj
foto 15

Foto sa a montre vejetasyon ki nan Jeriko nan tan kounyea. Nan tan lontan li te yon vil ki te antoure avèk miray nan vale Rivyè Jouden an, 252 mèt pi ba nivo lanmè a. Li se yon zòn agrikòl rich kote pye palmis dat ak jaden zoranj fè rak an abondans. Mòn tradisyonèl tantasyon an nan fon foto a (Mat. 4:1–11).

Evènman Siyifikatif yo: Tou pre plas sa a, Jozye ak pitit Izrayèl yo te travèse Rivyè Jouden an pou premye fwa, pou yo te antre nan tè pwomiz la (Joz. 2:1–3; 3:14–16). Senyè a te fè miray la tonbe mirakilezman devan lame Izrayelit yo (Joz. 6; gade tou nan Ebre 11:30). Jozye te lage yon malediksyon sou vil la (Joz. 6:26), epi sa te akonpli (1 Wa 16:34). Elize te pirifye dlo Jeriko yo (2 Wa 2:18–22). Nan dènye vizit Li a nan Jerizalèm, Sovè a te pase kote sa a, Li te geri avèg ki te rele Batime a epi L te rete avèk Zache, pibliken an (Mak 10:46–52; Lik 18:35–43; 19:1–10). Chemen ki soti nan Jerizalèm pou ale nan Jeriko a te site nan parabòl Bon Samariten an (Lik 10:30–37). (Gade nan GE Jeriko.)

Enprime