Èd pou Etid
25. Rivyè Jouden


25. Rivyè Jouden

Imaj
foto 25

Rivyè Jouden an kòmanse nan nò lanmè Galile a, li koule ladan l, epi l kontinye nan sid pou ale nan Lanmè Mòt la. Yo te pran foto sa a tou pre devèsman rivyè a sou Lanmè Galile a.

Evènman Siyifikatif yo: Lòt te chwazi plèn Jouden yo pou tèt pa l (Jen. 13:10–11). Jozye te divize dlo yo pou kite Izrayelit yo travèse al nan tè pwomiz la (Joz. 3:13–17; 4:1–9, 20–24). Eli ak Elize te divize dlo yo (2 Wa 2:5–8, 12–14). Naaman te geri anba lèp (2 Wa 5:1–15). Janbatis te batize anpil moun, li te batize Sovè a tou (Mat. 3:1–6, 13–16). (Gade nan GE Rivyè Jouden.)

Enprime