Èd pou Etid
18. Dotan nan Samari


18. Dotan nan Samari

Imaj
foto 18

Plizyè bit mòn ak vale karakterize Dotan. Se yon bon tè pou fè patiraj bèt. Lè Izrayelit yo te tabli nan peyi a, Se Manase ki te resevwa rejyon sa a.

Evènman Siyifikatif yo: Se nan vale Dotan an yo te vann Jozèf bay Ejip (Jen. 37:12–28). Abdyas te kache 100 pwofèt nan twou wòch pou sove yo lè Jezabèl t ap eseye touye pwofèt Izrayèl yo (1 Wa 18:13). Lame Siryen an te antoure Elize ak sèvitè li a, yo menm ke Senyè a te sove yo mirakilezman an (2 Wa 6:13–23).

Enprime