Èd pou Etid
29. Atèn


29. Atèn

Imaj
foto 29

Foto sa a, yo te pran bò Ayewopaj la (Kolin Mas), montre Akwopolis Atèn nan. Atèn sete ansyen kapital Grèk Atika a, epi nan epòk Nouvo Testaman an li te nan pwovens Women ki te rele Akayi a. Yo te nonmen l nan onè deyès payen Grèk ki te rele Atèn. Nan epòk Nouvo Testaman an, Atèn te deja pèdi majorite nan grandè li ak glwa li, men, li te toujou gen estati ak moniman anpil fodye ak deyès, ansanm avèk “Bondye Enkoni an” (Tra. 17:23).

Evènman Siyifikatif yo: Apot Pòl te vizite vil la epi li te preche diskou li sou “Bondye Enkoni an” nan Kolin Mas la (Tra. 17:15–34). Yo te voye misyonè ki soti Atèn al nan lòt pati Grès yo (1 Tes. 3:1–2).

Enprime