Jodia
Pwofèt vivan nou an ap fè pati pa l la pou l kouvri tè a avèk Liv Mòmon an. Nou dwe suiv egzanp li.
Frè ak sè byenneme m yo, nan Liv Mòmon an, yo itilize fraz “jodia”1 plizyè fwa pou atire atansyon sou konsèy, pwomès, ak ansèyman. Nan diskou final li a, Wa Benjamen te avèti pèp la, “Tande pawòl m pral pale nou jodia; … ouvè zòrèy nou pou nou kapab tande, ak kè nou pou nou kapab konprann, ak panse nou pou mistè Bondye yo kapab ouvri devan je nou.”2 Konferans Jeneral se yon okazyon konsa. Nou vin tande konsèy pou “jodia,” pou nou kapab “fidèl tout tan”3 a Senyè a ak Levanjil Li a. Sa k ap domine panse m “jodia” se enpòtans pou nou renouvle angajman nou a Liv Mòmon an, ke Joseph Smith te rele “liv ki pi kòrèk sou tè a.”4
M kenbe yon kopi Liv Mòmon nan men m. Se edisyon antik 1970 mwen an, e li presye pou mwen. Dapre aparans li, li ize, li abime, men, okenn lòt liv pa osi enpòtan pou lavi m ak temwayaj mwen tankou l. Pandan m ap li l, mwen vin akeri yon temwayaj atravè Lespri a, ke Jezikri se Pitit Gason Bondye a,5 ke Li se Sovè m,6 ekriti sa yo se pawòl Bondye,7 epi levanjil la retabli.8 Verite sa yo repoze pwofondeman andedan mwen. Jan pwofèt Nefi te di a, “Nanm mwen pran plèzi nan bagay Senyè a yo.”9
Soti agoch al adwat: ÈlldèRonald A. Rasband, jèn misyonè; Prezidan Harold Wilkinson, prezidan Misyon Etats de l’Est (Etazini); ak Èldè Marion D. Hanks, Swasanndis Otorite Jeneral.
Men kòmansman istwa liv sa a. Lè m te yon jèn misyonè, m te suiv konsèy Èldè Marion D. Hanks, ki te vizite nou nan Misyon Eta Lès Etazini yo. Li sete ansyen prezidan Misyon Angletè a, epi de nan misyonè l yo sou platfòm sa a jodia: se frè byenneme m yo: Èlldè Jeffrey R. Holland ak Èldè Quentin L. Cook.10 Menmjan l te fè avèk misyonè an Angletè l yo, li te ba nou defi pou nou te li yon kopi Liv Mòmon tounèf ki san mak ladan l omwen de fwa. M te antreprann tach sa a. Nan premye lekti a, m te dwe make oubyen souliye tout bagay ki pwente sou Jezikri oubyen ki temwaye konsènan Jezikri. M te itilize yon kreyon wouj epi m te souliyen anpil pasaj. Pou dezyèm lekti a, Èldè Hanks te mande nou pou nou te souliye prensip ak doktrin levanjil yo, epi fwa sa a, m te itilize koulè ble pou m te make ekriti yo. M te li Liv Mòmon an de fwa, jan l te sijere a, epi de lòt fwa ankò, kote m te itilize koulè jòn ak nwa pou m te make pasaj ki te atire atansyon m yo.11 Kòm nou ka wè, m te fè anpil anotasyon.
Te gen plis bagay nan lekti m te fè a pase make ekriti yo. Chak fwa m te li Liv Mòmon an, nan kòmansman rive nan fen, m te ranpli avèk yon amou pwofon pou Senyè a. M te santi yon temwayaj pwofondeman anrasine sou verite ki nan ansèyman L yo ak sou fason yo aplike pou “jodia.” Liv sa a tonbe byen pote tit li a, “Yon Lòt temwayaj Konsènan Jezikri.”12 Gras ak etid sa a ak temwayaj espirityèl m te resevwa a, m te vin tounen yon misyonè Liv Mòmon an ak yon disip Jezikri.13
“Jodia,” yonn nan pigwo misyonè Liv Mòmon an se Prezidan Russell M. Nelson. Lè l te fèk aple kòm Apot, yo te fè yon diskou nan Accra, Ghana.14 Nan asanble a te gen gwo chabrak, enkli wa yon tribi Afriken, k l te itilize yon entèprèt pou l te pale avèk li. Wa a te gen yon konesans apwofondi sou Bib la epi li te renmen Senyè a. Apre diskou prezidan Nelson an, wa a te apwoche, epi li te mande l nan yon Anglè pafè, “Kiyès ou ye?” Prezidan Nelson te eksplike l ke li sete “yon Apot òdone Jezikri.”15 Dezyèm kesyon wa a sete “Kisa w ka anseye m konsènan Jezikri?”16
Presidan Nelson te pran Liv Mòmon an epi l te ouvri l nan 3 Nefi 11. Ansanm, Prezidan Nelson ak wa a te li diskou Sovè a te fè pou Nefit yo: “Gade, m se Jezikri pwofèt yo te temwaye ki gen pou l vin nan mond lan. … M se limyè ak lavi mond lan.17
Prezidan Nelson te ofri wa a kopi Liv Mòmon sa a, epi wa a te reponn, “Ou ta ka ban m dyaman ak ribi, men, anyen pa pi presye pou mwen pase konesans adisyonèl sa a konsènan Senyè Jezikri a.”18
Sa se jis yon egzanp izole sou fason pwofèt byenneme nou an pataje Liv Mòmon an. Li bay dèsantèn moun Liv Mòmon an, pandan l toujou ap ran temwayaj konsènan Jezikri. Lè Prezidan Nelson rankontre avèk envite, prezidan, wa, chèfdeta, dirijan konpayi ak òganizasyon ak divès relijyon, keseswa nan syèj Legliz la oubyen nan lokalite pa yo, avèk reverans, li toujou prezante liv ekriti revele sa a. Li te ka ba yo yon kantite bagay byen vlope avèk riban, ki ta kapab dekore tab yo oubyen biwo oubyen bifèt yo pou yo ta sonje vizit li. Men, olyesa, li toujou ofri yosa ki pi presye pou li a, plis pase ribi ak dyaman, jan wa tribi a te dekri a.
Prezidan Nelson di konsa “Verite nan Liv Mòmon yo gen pouvwa pou geri, rekonfòte, restore, ede, fòtifye, konsole, epi fè nanm nou kontan.”19 Mwen konn gade fason moun ki konn resevwa Liv Mòmon yo nan men pwofèt Bondye konn sere l anba men yo. Pa ta ka gen pigwo kado pase sa.
Resamman, li te rankontre avèk premyè dàm peyi Ganbi a nan biwo l epi li te enbleman ofri l yon Liv Mòmon. Li pa t rete la. Li te ouvri paj yo pou l te li avèk premyè dàm nan, pou l te anseye ak temwaye konsènan Jezikri, Sakrifis Ekspyatwa L la, ak amou L pou pitit Li—toupatou.
Pwofèt vivan nou an ap fè pati pa l la pou l kouvri tè a avèk Liv Mòmon an.20 Men, li pa ka ouvri pòt yo pou vide l la poukont li. Nou dwe suiv egzanp li.
Paske egzanp li enspire mwen, m ap eseye enbleman e avèk plis chalè pou m pataje Liv Mòmon an.
Resammman, m te nan yon vizit ofisyèl nan Mozanbik. Sitwayen yo nan bèl peyi sa a ap lite anba povrete, anba pwoblèm sante, anba mank travay, move tan, ak boulvès politik. M te gen onè pou m te rankontre prezidan peyi a, Filipe Nyusi. Sou demand li, mwen te priye pou li ak nasyon l lan; M te di l nou ta pral bati yon tanp Jezikri21 nan peyi l la. Alafen vizit nou an, m te ofri l yon kopi Liv Mòmon an nan lang Pòtigè, lang matènèl li a. Pandan l t ap aksepte liv la avèk rekonesans, mwen te temwaye konsènan espwa ak pwomès pou pèp Ii a, ki nan pawòl Senyè a nan paj liv la.22
Nan yon lòt okazyon, madanm mwen Melanie, avèk mwen te rankontre avèk Wa ak Rèn Letsie III nan peyi Lesotho, lakay yo.23 Pou nou, pi bèl moman nan vizit la sete lè nou te ofri yo yon kopi Liv Mòmon an, epi apresa m te pataje temwayaj mwen an. Lè m gade repanse sou eksperyans sa a ak lòt eksperyans, gen yon vèsè nan ekriti dènye-jou yo ki vin nan panse m: “Pou moun ki fèb yo ak moun ki senp yo kapab pwoklame plenitid levanjil mwen an jis nan bout latè a, epi devan wa yo ak gouvènè yo.”24
M te ofri Liv Mòmon an bay Anbasadè Pandey ki reprezante End25nan Nasyon Zini a Jenèv ak Sa Sentete Patriach Bartholomée26 ki reprezante Legliz Òtodoks de Lès la; ak anpil lòt moun ankò. M te santi ke Lespri Senyè a te avèk nou nan moman m t ap lonje ba yo pèsonèIman “fondman relijyon nou an”27 ak rann temwayaj konsènan Jezikri, ki se wòch santral lafwa nou an.28
Ou pa bezwen al Mozanbik oubyen Ozend oubyen rankontre avèk wa ak gouvènè pou w bay yon moun liv ansèyman ak pwomès sakre sa a. M envite w, jodia, pou w ofri Liv Mòmon an bay zanmi w ak fanmi w, ak kòlèg travay ou, antrenè foutbòl ou, oubyen machann legim nan mache a. Yo bezwen pawòl Senyè a ki nan liv sa a. Yo bezwen repons pou kesyon sou lavi chak jou yo ak sou lavi etènèl ki pral vini an. Yo bezwen konnen konsènan chemen alyans ki plase devan yo a ak amou inebranlab Senyè a pou yo. Tout sa la a, nan Lov Mòmon an.
Lè w lonje yon Liv Mòmon ba yo, ou louvri panse yo ak kè yo pou pawòl Bondye a. Ou pa bezwen ap mache avèk kopi enprime liv la. Ou ka pataje l fasilman apati telefòn mobil ou, nan yon nouvo sit nan app ki nan Medyatèk Levanjil la.29
Panse a tout moun ki ta ka beni pa levangil la nan lavi yo, epi apresa voye yon kopi Liv Mòmon ba yo apati telefòn ou. Sonje ajoute temwayaj ou ak fason liv sa a beni lavi ou.
Chè zanmi m yo, kòm yon Apot Senyè a, m lonje envitasyon m ankò pou nou suiv pwofèt byenneme nou an, Prezidan Nelson, nan kouvri tè a avèk Liv Mòmon an. Nesesite a sitèlman gran, nou dwe aji kounyea. Mwen pwomèt ke n ap patisipe nan “pi gwo travay sou tè a,” rasanbleman Izrayèl la,30 lè nou enspire pou nou lonje lamen bay moun ki “pa t gen verite a paske yo pa konnen kikote pou yo jwenn li.” yo31 Yo bezwen temwayaj nou sou fason liv sa a change lavi nou ak rapwoche nou pipre Bondye, rapwoche nou de lapè Li,32 ak “bòn nouvèl gwo lajwa” L la.33
M temwaye ke pa dekrè diven, Liv Mòmon an te prepare nan ansyen Amerik la pou l te ka parèt vin deklare pawòl Bondye a, pou pote nanm bay Jezikri ak levanjil retabli L la “jodia.” Nan non Jezikri, amèn.