Scripture Stories
Chapit 39: Yo Konsakre Tanp Kirtland la: Janvye–Mas 1836


“Chapit 39: Yo Konsakre Tanp Kirtland la: Janvye–Mas 1836,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 151–54

“Chapit 39,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 151–54

Chapit 39

Yo Konsakre Tanp Kirtland la

(Janvye–Mas 1836)

Imaj
Saints building Kirtland Temple

Senyè a te kòmande Sen yo pou yo bati yon tanp nan Kirtland. Sen yo te travay di pou bati Tanp Kirtland la. Yo te fini kèk nan sal yo.

Imaj
Joseph’s father blessing Church leaders

Apre sa a, Sen yo te fè premye reyinyon nan tanp lan. Papa Joseph Smith te beni dirijan Legliz yo nan reyinyon an. Papa Joseph te Patriyach Legliz la.

Imaj
Joseph seeing vision

Lè sa a, Joseph te fè yon vizyon ekstrawòdinè. Li te wè wayòm selès syèl la. Wayòm selès la se kote Bondye rete a. Joseph te wè kijan wayòn selès la te bèl. Li te wè Papa ki nan Syèl la ak Jezi. Joseph te wè Alvin, frè l ki te mouri a.

Imaj
parents leaning over their dying son

Joseph te aprann kèk bagay sou timoun ki mouri anvan laj uitan. Jezi te di yo pral nan wayòm selès la.

Imaj
people living in distant places

Gen lòt moun ki pral viv sou tè a e ki p ap tande pale apwopo levanjil la.

Imaj
people from different cultures

Kèk nan moun sa yo tap kwè levanjil la si yo te konnen l. Moun sa yo kapab ale nan wayòm selès la.

Imaj
Kirtland Temple

Alafen, Tanp Kirtland nan te fini. Lè a te rive pou yo te konsakre tanp lan. Sa vle di yo tap bay Senyè a tanp lan. Yo tap sèvi avèk li sèlman pou travay Senyè a. Sen yo te fè yon reyinyon espesyal pou yo te konsakre tanp lan.

Imaj
Saints singing

Anpil Sen te vin nan reyinyon an. Yo te kontan anpil poutèt yo te gen tanp lan. Sen yo te chante e priye Papa ki nan Syèl la. Yo te pwomèt pou yo fè sa Pwofèt la ak lòt dirijan Legliz la te di yo pou fè.

Imaj
angels appearing at dedication

Joseph Smith te li yon priyè pou konsakre tanp lan. Lè sa a, tanp lan te vin yon batiman sakre. Se te kay Senyè a. Te gen anj nan Tanp Kirtland nan jou sa a. Sentespri a te la avèk Sen yo. Se te yon gwo jou.

Enprime